KASEK Wilking Dicette jwen liberasyon li apwè 2 gwo ranson

504

05/08/2021

Ti Gwàv_____(TRiboLAND) Apwè ke li te fin pase plizyè semèn anba men ravisè yo, kowòdonatè Konsèy Administrasyon Seksyon kominal (KASEK) 2èm Plèn nan Ti Gwàv, Wilking Dicette jwen liberasyon li kont ranson vandredi 7 me 2021 an.

Liberasyon viktim arive fèt apwè yon dezyèm magogo ranson te fin vèse. Dicette te pwofite anonse liberasyon li sou yon radyo nan kapital la e remèsye tout moun ki te kontribye nan kotize pou li te kapab jwen lavi ak libète.

Nap raple KASEK Wilking Dicette te kidnape anba men bandi sangwen ke moun pat arive idantifye dimanch 25 avwil 2021 nan Delma. Konsa, popilasyon ti Gwàv la te pase plizyè jou pwotestasyon ak blokaj sistematik wout nasyonal numewo 2 a yon fason pou te denonse e reklame liberasyon li fas ak yon parèy anlèvman.

Comments are closed.