Senlwidinò Ensekirite : endividi moun pa rive idantifye krible anba bal yon mesye ki rele Duacé.

942

03-13-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Duacé se non yon mesye ki mouri yèswa a vè 8è, krible anba bal endividi moun pa rive idantifye nan zòn Ti Rivyè, anwodo 2èm seksyon Deouvrè.

Selon kèk temwen, Duacé ta resevwa 3 pwojektil, youn nan do, youn nan tèt, lòt la nan vant. Lè yo tef è anpil bwas pout e rive lopital ak li, li ta bay dènye soupi li, kèk ti tan aprè nan lopital Otrichyen nan Senlwidinò.

“Konte kadav ak miltiplikasyon ensekirite”, se yon fenomèn vyolans banditism jeneralize, ki pa gen moun ki epanye kèlkeswa kote ou trouve w sou bout tè Dayiti a.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.