Yon ti bato vwalye chaje avèk 37 ayisyen ateri sou plaj Boston nan Jamayik

880

07-11-2023

Pòtlann, Jamayik_____(TRiboLAND) Aprè reprezantan Ministè Sante ak Byenèt Sosyàl tef inn egazamine yo, migran ayisyen ki te ateri sou plaj Boston nan peyi Jamayik, konfime ke yo te 37 abò yon ti bato vwalye, ki te kite zòn Jameri 26 jen dènye, yon fason pou yo te antre Miami, Florid; sepandan, akoz move kout gidon nan sistèm navigasyon yo, akoz move tan e ki mennen yo chwe, nan zòn Pòtlann nan Jamayik.

Group ki konpoze 37 migran ayisyen yo repati konsa: 24 granmoun gason, 5 granmoun fanm, 5 ti inosan ti fi ak ti gason, daprè kòmandan divisyon polis Pòtlann lan, Llyod Darby.

Kidonk, responsab yo nan peyi Jamayik, ouvwi yon ankèt, yon fason pou chèche konnen ki sikonstans ki pouse 37 ayisyen sila yo arive chwe sou plaj Boston nan peyi rasta yo.

Comments are closed.