Senlwidinò : Majistra Gaston Estima vizite lopital René Pierre Louis ki te fèmen depi yon bon bout tan.

09 – 23 – 2024
Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektit pou bay popilasyon an plis sèvis nan komin Senlwidinò, Majistra Gaston Estima vizite ansyen lopital René Pierre Louis ki tap fonksyone nan zòn Fòj, komin Senlwidinò jounen dimanch 22 septanm 2024 la.
Majistra Gaston Estime ki konnen enpòtans lopital, boulajri ak anpil lòt aktivite Rene Pierre Louis te konn mennen nan komin nan pou popilasyon an, jije aktivite sa yo pa kapab fèmen nèt; konsa, li deside pou rekòmanse ak tout aktivite yo.
Estima bay aval li ak madam Pierre Louis pou kontinye ak mouvman sa yo pou kapab satisfè bezwen popilasyon an kap soufri depi aprè lanmò doktè René Pierre Louis nan komin nan.
Yon chanjman kap pote anpil satisfaksyon ak kalite sèvis pou moun ki pa gen gwo mwayen, patikilyèman, sa yo ki pa genyen, men ki nan nesesite tikras swen lasante.
Se yon trè bèl inisyativ wi.
Triboland Mombin-Crochu
Bon travail
Bon travail
Triboland la tortue montry
Triboland la tortue fonkyz