Ansyen Majistra titilè komin Limonad la. Gesner Dieudonné jwenn liberasyon li aprè 15 mwa li pase dèyè kat miray

817

07-10-2023

Limonad, Ayiti _____(TRiboLAND) Majistra Gesner Dieudonné jwenn liberasyon’l jounen lendi 10 jiyè 2023 aprè anviwon 15 mwa li fè pase nan prizon .

Majistra Gesner Dieudonné ki te gen gwo akizasyon ki te peze sou do li tankou : asosyasyon malfektè, dechoukè tè ak detansyon zam ilegal .

Nan premye deklarasyon li fè, majistra a remèsye tout konpatriyòt konsekan ki te pase wè’l nan prizon an, eki te pote kichòy pou li. Li remèsye egalman opozisyon ki te toujou anfas li yo, men ki toujou al wè’l. Li deklare sante’l pa gaya ditou.

Konsa, li pwomèt aprè li soti lopital, lap gen pou li pale ak laprès. Ansyen majistra a te jwenn arestasyon 20 avril 2022.

Comments are closed.