Popilasyon Wanament lan pral resi jwenn yon ti souf nan kalamite pou gaz

875

06-02-2023

Wananment, Ayiti ____(TRiboLAND) Aprè anviwon yon lane depi gaz la pat vann nan pri leta fikse ki se 570 goud pou yon galon, jounen vandredi 2 jwen 2023 a, gaz la vann 570 goud nan tout ponp.

Se avèk yon souri sou vizaj plizyè taximoto ki tap eksprime kontantman yo akoz desann gaz la.Yon lòt bò se yon souflèt marasa machann gaz atè yo resevwa, machann sila yo kap reflechi èske tout bon vre gaz la desann relativman.

Nap fè remake otorite yo nan zafè komès Nòdès ak popilasyon an te voye yon pinga seren bay pwopriyetè ponp yo, si jedi premye jwen pase pa gen desizyon ki pran sou pri gaz la, yap preskri tout ponp bwa kale.

Comments are closed.