Ansyen Depite Thanis jwenn libète anba pwogram “Lalwa fè plas a lagras la”

Pòtopwens____(TRiboLAND) Sis Mas ki sot pase la, te fè ansyen Depite Sikonskripsyon Okay/Lil Avach, Jean Fenel Thanis yon lane ron kon djondjon depi ke yo te fèmen l dèyè bawo anba akizasyon komès dwòg.
Ansyen manm 49èm lijislati a te pwi nan zip ansanm avèk 2 lòt kòkòday anba men ajans BLTS yo nan moman li tap soti nan Repiblik Dominikènn. Jodi a, Mesye Thanis rejwi dèske gras la desann avèk tout mwèl benediksyon ki fasilite yon liberasyon ki chita sou konplis kowonaviris ak gouvènman Moise-Jouthe la.
Ambyans anvi wè te fè tout tèt moun pati lè fanmiy ak reselè tap pyafe anba kontantman lè yo tap viv liberasyon ansyen palmantè ke yo te akize pou trafik dwòg la. Kontantman fè tout moun bliye distans sosyal la nan bay akolad, alòske se pou evite kowonaviris ki fè liberasyon arive fèt!
Patnè ansyen pwezidan Michel Martelly a se youn pami yon pakèt lòt pwizonye ki benefisye pwogram “Lalwa fè plas a lagras la” akoz pichon kowonaris la.






