Sou inityativ, Mouvman “Souf pou Ayiti”, plizyè dizènn sitwayen pwotestan mache pasifikman nan Jeremi.

804

07- 09- 2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Maten 9 jiyè 2023 a, yo te plizyè dizènn manm popilasyon an nan Jeremi ki pran lari a, menm jan sa te pwevwa atravè 67 peyi sou planèt la. Mach pasifik sila, ki te lanse anba slogan “Souf pou Ayiti”, tap egzije ekip ki sou pouvwa a, ak tout kominote entènasyonal la debloke Ayiti, patikilyèman depatman Grandans lan.

Mouvman sila ki fini san okenn aksidan regretab; selon temwanyaj plizyè obsèvatè nan mikro TRiboLAND, yo vle fè kwè se pou premye fwa ke yo konstate patisipasyon sektè pwotestan an nan zafè politik peyi a, sou fòm revandikasyon pasifik.



Comments are closed.