Grandans: Kanpay vilgarizasyon komite entèministeryèl “Dwa Moun”

962

06-16-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Parapò ak ekzijans pou leta respekte “Dwa Moun” ak obligasyon pou Ayiti okipe meyè plas pami peyi ke dwa kretyen vivan respekte; sou rekòmandasyon biwo premye minis ayisyen an, doktè Ariel Henry, sekretarya teknik CIDP ak lòt sektè nan sosyete sivil la, òganize yon gwo sòlòkòtò.

Sekretarya teknik CIDP la, ki genyen anndan’l met Charles ak madam Tañía Jean Pierre, te reyini ak tout chèf sèvis piblik yo ak lòt sektè nan sosyete sivil Grandans lan, pou diskite sou dwa kretyen vivan nan lokal otèl “Le Sarah” nan Jeremi, jounen jedi 15 jen 2023 a. Bwase lide yo te plis chita sou yon seri egzijans pou “Dwa Moun” respekte.

Konsa, ekip teknik CIDP la, te prezante dokiman nasyonal entèministeryèl “Dwa Moun” bay gran piblik lan. Nan menm sans lan, otorite estrikti sila te pwofite okazyon an, pou te pwosede ak nominasyon doktè Angello Duvelson kòm pwen fokal Grandans.

CIDP, ki te fè santi prezans li nan Jeremi, fè konen apati janvye 2024, Ayiti ap patisipe nan gro Asanble Jeneral nan peyi Jenèv pou prezante rapò sou keksyon respè Dwa Moun; konsa, li enpotans pou genyen jefò ki fèt bò kote leta pou respè dwa kretyen vivan.


Comments are closed.