BINUH montre ke li trè pentad fas ak pwosesis adopsyon nouvo Manman Lwa peyi a ki chaje ak eskluzyon yon latriye aktè

525

04/13/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Bureau Intégré des Nations Unies en Haiti (BINUH) denonse pwosesis ki pou bay yon nouvo konstitisyon loray kale ki lanse ak tout boulin san ba direksyon yon swadizan minis delege elektoràl, Mathias Pierre ki pa sispann bay yon parèy demach diktatoryàl jarèt.

Antouka, nan yon tweet ke li fè sòti, BINUH ap fè manèv trese lèl pou montre ke li pa vle danse kole avèk pwosesis la ki pa genyen ase transparans ak patisipasyon lòt antite. Selon BINUH, yon parèy pwojè konstitisyonèl ta dwe genyen benediksyon ak angajman plis aktè politik nan sosyete a, san bliye groupman fanm ak relijyez yo atravè peyi a.

Pou anpil kòmantatè, tweet BINUH pa merite twòp atansyon. Yo kalifye li kòm divèsyon filalang ki pou pèmèt yo lage pi byen dlo beni sou demach tèt anba pouvwa defakto Plonje Haiti ak Tèrè Kidnapping (PHTK) a.

Nap raple BINUH, se youn nan antite kominote entènasyonal ki te bat gwo ochan pou travay gang yo ap fè anndan peyi Dayiti.

Comments are closed.