Jounen mèkredi 13 mas 2024 lan, patizan Guy Philippe yo, nan Jeremi manifeste pou reklame enstalasyon ansyen chèf rebèl nan palè nasyonal

949

03 – 13 – 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Jounen mèkredi 13 mas 2024 lan, patizan Guy Philippe yo, nan Jeremi manifeste pasifikman pou egzije kominote entènasyonal lan, respekte volonte pèp lan, ki se enstalasyon GUY PHILIPPE nan palè nasyonal, pou mennen bak peyi a.

Manifestan pwòch GUY PHILIPPE yo, nan Jeremi pwomèt pou okipe beton an chak jou, pandan ke yo bay garanti yap respekte dwa lòt moun.

Manifestan yo deklare egalman, yo pa nan danse kole ak lòbèy KARIKOM nan ki vle resisite yon latriye ansyendivis vòlè politichyen rasi ki te deja fè tchoul blan kolon yo pou efondre Ayiti.

Comments are closed.