Mily Jean alyas Dènye Lè, se yon jènn gason abitan yo nan vil Jeremi, zonn Madanko leve jwenn mouri ak plizyè bal nan ķòl.

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi yon bout tan, popilasyon an nan Jeremi, pa sispan konte kadav chak jou ki jou; se preske chak jou yo leve jwenn, jenn gason mouri asasinen ak twou bal sou kò yo.
Dènye viktim nan, se yon jenn byen koni, Mily Jean alyas “Dènye Lè” ke yon jwen byen bonè maten madi 8 jiyè 2025 lan, asasine ak plizyè twou bal nan katye Madanko, nan vil Jeremi.
Daprè temwayaj divès manm nan popilasyon an, yo dekri “Dènye Lè”, kòm yon pa pè chay nan kase pari; li te egalman yon residivis, ki te toujou vòlè afè moun, menm jan yon seri gro chèf ap pwatike anndan peyi a.
Òganizasyon dwa moun yo, nan Jeremi bò kote pa yo, kondane mòd operatwa sa yo, yo konsidere kòm vyolans avèg ki genyen nan sosyete Jeremyèn lan, pou nenpòt bagay yo aji ak emosyon.
Sektè dwa moun yo, mande lajistis ak lapolis, pou ranpli wòl pa yo, jis pou ede konbat fòm krim sa yo kap vale teren depi yon bon bout san rete.
Ansanm òganizasyon protestè sila yo, egzije pou genyen sansibizasyon, nan medya yo, legliz, ak sektè vodou an, pou diminye kantite krim kap fèt nan sosyete jeremyèn chak jou ki jou.






