Catholic Relief Services (CRD) reyalize yon kokennchenn fòmasyon konbit fanm

903

08-10-2023

Grandans, Ayiti ____(TRiboLAND) Catholic Relief Services reyisi gwo fòmasyon nan vil Jeremi pou sipòte divès groupman fanm nan depatman Grandans la, nan sa ki gen pou wè avèk kijan pou lidè fanm yo jere sante mantal ak byennèt yo.

Seri fòmasyon sa yo ap reyalize nan tèt kole ak konbit fanm Grandans, “KOFAGA”, soti 31 jiyè pou vin bout jounen jodi jedi 10 dawout 2023 a.

CRS e KOFAGA chita sou yon seri fòmasyon kap pèmèt medam yo konstwi tèt yo, yon fason pou yo kontribye nan konstwi peyi Dayiti. Se Carine Louis ak Jesula Blanc, ki tap asire seri fòmasyon sa yo; yo te pwofite mande medam yo: “kwè nan tèt yo paske yo pa pou kont yo”.

Comments are closed.