Popilasyon nan Komin Kapotiy Ap Prepare Pou Fete Fèt Patwonal Monkamèl 16 jiyè kap vini la an gran panpan.

945

07-10-2023

Kapotiy, Ayiti___(TRiboLAND) Fidèl katolik yo nan pawas Kapotiy, depatman Nòdès peyi a, ap prepare pou yo fete fèt sen patwon yo Monkamèl an gran panpan pou 16 jiyè 2023 a .

Malgre jan sa ye, anpil jefò ap fèt pou festivite Monkamèl yo pa pase inapèsi. Kidonk, preparasyon yon tanmen sou yon seri aktivite kiltirèl, ki deja kòmanse avèk yon gran pwestasyon Atis Pierre Jean nan Capotillan Night club, san konte plizyè lòt aktivite ki prevwa tankou bal avèk Òkes Sèptantriyonal e Tropikana Dayiti ak plizyè lòt ankò.

Relijyez yo nan tèt kole ak popilasyon an, deja pentire epi netwaye legliz Monkamèl e mete frechè nan anviwonnman an. Konsa, lokalite a ap bouje, e popilasyon an bò kote pa l, deja kwè nan yon reyisit total kapital. Ajoute ak sa, Meri a nan tèt kole ak MTPTC Nòdès, ap efektye anpil ti travay sou wout la pou pèmèt sikilasyon an amelyore.

Deja moun Kapotiy swete tout peleren byenveni nan fèt Monkamél. Konsa, pa neglije al vizite Sodo Kana, yon kote paradizyàk.

Comments are closed.