Yon Mès Aksyon Degras Chante nan legliz Sent Mari Madlén maten 22 Jiyè 2023 , Pou Selebre fèt patwonal la

450
0
Share:
TRiboLAND

07-22-2023

Karis, Ayiti___(TRiboLAND) Nan okazyon fèt patwonal Mari Madlèn nan pawas Bwagamél, premye seksyon komin Karis, yon mès aksyon Degras chante nan chapèl la.

Yon selebrasyon ki te dewoule an prezans otorite sivil, lajistis ak fidèl katolik ki soti nan tout kwen nan komin Karis la, yo te antre vinn selebre Sen patwon yo, Mari Madlèn.

Reveran pè Wilson, kire pawas komin Karis la, nan omeli sikonstans lan, mande fidèl yo pou sispann fè ti pil gwo, si yo vle reyisi nan tout sa yap fè ak tout sa yo vle reyalize. Kite chen manje chen pou kominote nou an kapab vanse.

Fidèl yo nan chapèl la mande Bondye pou lapè etabli nan peyi a e pou tout moun rive viv kòm bon jan kretyen batize atravè mond lan.


Share:

Leave a reply