Abitan Prevwayans ap mande jistis pou abi yap sibi anba boujwa Wanament

948

06-20-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyé santèn moun pran lari nan Prevwayans, jounen lendi 19 jwen 2023 a pou mande jistis kont abi yap sibi nan men move lawon boujwa Wanament.

Abitan sila yo ki te gen plizyè pankat nan men yo ki ekri “Estim vòlè, bagay la fè nou mal woy”. Yo tap manifeste e chante nan tout lari a, yo paka sipòte ankò. Pou moun sa yo, yo bezwen libere atò anba move lawon sila yo.

Peyizan yo ki move pi mal pase gèp panyòl, tap repete divès pawòl piman bouk kont Lajistis nan Nòdès kap vanne revann tankou pate cho.

Nap raple sa fè plizyè lane depi peyizan yo nan goumen ak gran Toryan nan Wanament, ki konprann yo ka mete yo deyò sou moso tè ki rele yo chè mèt.

Comments are closed.