Abitan kap viv nan divès lokalite dezyèm seksyon kominal Bwa Blan, Sent Suzann denonse movèz kondisyon lavi yap viv

758

06-19-2023

Sent Suzan, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou korespondan TRiboLAND reyalize jounen lendi 19 jen 2023 a, divès peyizan nan dezyèm seksyon kominal Bwa Blan, Sent Suznan, nan Nòdès peyia, kase mete nan men otorite yo.

Peyizan sila yo ki denonse egalman kondisyon dlo yap bwè, mete ajoute sou grangou, rann swa dizan moun ki fè tèt li pase kòm lidè peyi a, responsab. Daprè sèten lèzòt se pa ni yè ni jodia yap fè fas ak pwoblèm dlo sila a. Kazék Rosenie Bertrand bò kote’l kritike otorite yo ki lage seksyon an debwa balanse.

Kazèk la ki twouve’l nan yon kote’l pa wè ki sa pou’l di peyizan yo akòz chak jou pi plis mizè popilasyon an ap ogmante, san konte moun kap mouri lafen.



Comments are closed.