Gouvènman Moise-Lapin an pèdi bon nanj li nan fè chanjman krizokal pasi pala

0 584

Pòtopwens__(TRiboLAND) Nan yon yèm arete ki pibliye nan Le Moniteur 16 Oktòb 2019 la, gouvènman Moise – Lapin ki pa konnen ki sen pou yo rele ankò kontinye ap trese lèl nan opere yon pakèt chanjman krizokal, pami yo ou jwenn yon triloji dirèktè jeneral ki malgre tout bagay ki kontinye kwè nan gouvènman Plonje Haiti Tou Kanpe a (PHTK):

Wilfrid Trenard ki nome kòm dirèktè jeneral Ministè planifikasyon ak Koperasyon lòt bò dlo, Léon Jean-Marie Guillaume nomé kòm dirèktè Konsèy nasyonal Kominikasyon (CONATEL), ak Wilson Fièvre nome kòm Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmasyon (IHSI).

Nap sinyale, Jovenel Moise ap pwosede ak latriye chanjman krizokal sa yo nan yon kontèks kout zepon politik ak kriz tout kalite ki anpeche li jwenn oksijènn chak jou Bondye mete. Konsa, anpil moun konklu pou yo di tèt gouvènman Moise-Lapin an pati nèt, e se yon epizòd ti komik moun ap viv la!

Leave A Reply