Konstriksyon wout Pòdepè-Ansafolè anbweye sou klòtch depi 3 mwa.

556

07-10-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Travay konstriksyon wout Pòdepè-Ansafolè a kanpe depi mwa davril pase a, selon kòdonatè kazèk 4èm seksyon Rivyèba a.

Kazèk Anold Gustave di se pa nòmal pou lansman yon travay fèt nan mwa davril, menm kote a pou travay la kanpe san responsab yo nan TPTC pa bay esplikasyon pou kisa yo kanpe aktivite yo. Si se blan ki kenbe kòb li se pou popilasyon an okouran sou sa kap fèt yo.

Kazèk Anold mande majistra Pòdepè, Senlwidinò ak Asafolè pou rankontre responsab yo nan MTPTC pou bay esplikasyon sou arè ki gen nan travay la, paske pa menm gen yon bourèt ki kanpe sou wout la, se pa yon traktè ou ta wè.

Fwasa je kolektivite yo kale sou pwojè wout la, sa pap pase menmjan ak lòt pwojè yo nan fè gagòt nan depatman an, daprè deklarasyon yon group sitwayen angaje.

Comments are closed.