Nòt Deprès DDANO : Chapo pou tout fanm ak nèg vanyan Nòdwès nan okazyon fèt Agwikilti ak Travay la!

2,447

Chapo ba pou tout fanm ak nèg vanyan Nòdwès, Dayiti !

Direktion Depatman Agrikilti Nòdwès la (DDANO), nan non Minis Agrikilti, Resous Natirèl, Devlopman Riral (MARNDR) la, Ing-Agwonòm Bredy CHARLOT, ap swete Nòdwès la, yon bòn fèt Agwikilti ak Travay.

DDANO, (depi anplwayè ki pipiti an rive jwenn Direktè a, ing-Agr Charité LOUIS) retire chapo douvan kouraj ak detèminasyon tout travayè latè, tout plantè (gwo kou piti), tout pechè (sa ki genyen gwo materyèl osinon piti zwit), tout atizan (kelkeswa tandans yo), moun ti metye yo, komèsan (gwo kon piti), madan sara yo, tout jenn fanm ak jenn gason ki se poto ki fè Ayiti kanpe e angrè ki fè lespwa ka boujonnen nan Nòdwès la, kit li wo, nan mitan osinon ba depatman an.
Nou diw chapo !

Nou pran kouraj nou ak tout detèminasyon nou genyen pou bay bourad ak sektè agrikilti an, nou prezante yon gro kout chapo bay tout enstitisyon (nasyonal kou entènasyonal) kap akonpanye nou nan batay pou rive wè si n ka lave je sektè sa agwikòl la.

Poutèt sa, nou bay ochan jodia, ak kèk enstitisyon ak pwojè ki fè okazyon sa, sa li ye jodia. Konsa, yo fasilite nou prezante w kèk nan mak fabrik agrikilti, manje kreyòl, atizana ak kilti moun, tankou nou menm kap viv nan Nòdwès la.

Enstitisyon tankou : LTG, ki travay anpil nan mete n chita, UE gras ak pwogram li an, PMSAN, Protos (Join for water) ak ODRINO gras ak pwojè li an, GIRE SECALM ki ban nou moso nan lajan nap depanse la a; epi nou di tout lòt sa yo ki toujou bò kote peyizan nou yo, MÈSI ANPIL!

DDANO pat ka bliye sipò san mezi leta depatman ban nou, nou retire chapo n douvan pye medam (MKFDF) yo, bò soulye SNGRS, nou di bravo a komisè gouvènman NO la (Me Michelet VIRGIL), jij tribinal de pè Pòdpè a, Me Dumagène MAXIME, gwo plantè, wo kòmandman lapolis lan ak tout rès moun nan Leta a ki te mete men nan pat la tou.

Fas ak yon parèy supò titanik, nou rete kwè Ayiti pap mouri; tout peyizan paka nan kache; tout travayè ak travayèz paka nan kouri pou travèse lizyè! O kontrè, o kontrè, se mete men ak fè kolònn pa arive ranfòse pwodiksyon nasyonal, sekirite alimantè lamanjay, sekirite travay, sekirite pou n chita lakay nou, sekirite poun rete nan zòn nou, pou n viv nan peyi n ak lapè san lagè nan mitan nou.

Chapo ba pou tout patisipan ak tout sa yo ki mete men pou reyisit gwo manifestasyon Agro-gastronomi atizanal e kiltirèl sila jodi premye Me 2022 a nan Nòdwès peyi a.

DDANO


Comments are closed.