Direksyon depatmantal PNH la nan Nòdwès anonse deblokaj sistematik Ti Bwàdòm, tronson wout Pòdpè Gonaiv la.

1,593

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon nòt ke li mete deyò Direksyon depamantal polis la nan Nòdwès (DDNO) anonse repriz sikilasyon yo ki te paralize anba atak gang Pandi sou wout Ti Bwàdòm. Enfòmasyon yo ki soti anndan vant enstitisyon an, fè eta de yon operasyon marasa ki makònen ant UDMO Latibonit ak UDMO Nòdwès peyi ki arive deloje sangwen yo yon fason pou fasilite pasajè bis yo.

  Sepandan, DDNO konfime ke se depi 25 jiyè 2022 genyen yon seri militant politik  ki abiye an protestasyon popilè yon fason pou arive bloke  komin Gromòn nan objektif pou anpeche èd lojistik al jwen detachman UDMO Latibonit ki kontrole tronson wout Ti Bwàdòm nan.

Aprè ke group gang Pandi yo te vinn atake e touye 2 ajan UDMO Latibonit lachman; yo te profite pran kontròl espas ke polisye viktim yo te okipe a.

Antouka, nan mwens ke 24 èdtan, Lapolis repran kontròl sitiyasyon an e promèt popilasyon an eliminasyon bandi yo nan yon ti tan ki pa two lwen.

Comments are closed.