MOFEDGA : Lansman ofisyèl konfederasyon Òganizasyon Fanm Riral yo nan Jeremi.

04- 11- 2026
Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Sou direktif kòdonatris depatmantal Mouvman Fanm pou devlopman Grandans yo, Roselord Aubourt ak plizyè reprezantan lidè fanm ki te soti atravè divès depatman jeografik peyi, ak nan diaspora a, plis pase anviwon yon santènn òganizasyon fanm peyizan Grandans patisipe nan lansman ofisyèl(CONFORH) nan vil Jeremi.
Lansman sila, ki mete mete vil Jeremi an an bwanl, te klotire nan fen Jounen 11 Avwil la ak yon mach pasifik ki te genyen pou objektif egzije entegrasyon fanm yo pwosesis dezisyonèl peyi a.
Selon youn nan responsab Mouvman Fanm yo, Roselord Aubourt, vizyon CONFORT pa chita sou oken lòt bagay sinon ke : Inite – Lidèchip – Devlopman Dirab – pou pwan pouvwa a sou yon baz demokratik, atravè eleksyon ki genyen pou fèt nan jou kap vini yo. Diferan sèktè òganize yo satisfè pou fason yo antann yo kòm fanm lidè òganize nan milye riral yo.






