Senlwidinò: Yon jèn gason mouri asasinen yèswa nan zòn chemen Dègranj.

767

07-10-2023

Senlwidiinò,Ayiti ___(TRiboLAND) Kanne se non yon jèn gason ki mouri asasinen anba kout manchèt ak baton yèswa nan lokalite chemen Dègranj, komin Senlwidinò.

Krim sa pwodwi pandan Kanne tap batay ak yon ti frè li epi Fafa ta vin separe; san reflechi Kanne masakre Fafa ak kout pwanya koulya kap pran swen lopital. Fanmiy Fafa dilapide Kanne ak baton e manchèt jiskaske’l mouri.

Se pa premye fwa jan kalite krim sila yo ap repete nan lokalite chemen Dègranj.

Comments are closed.