Nan okazyon fèt patwonal Sentanyès nan komin Bomon Evèk Dyosèz lan Joseph Gontrand Descoste mande desidè politik yo fè lapè yonn ak lòt.

168
0
Share:
TRiboLAND

Bomon, Ayiti______(TRiboLAND) Jounen 21 pou rive maten 22 janvye 2026 la, kominote bomontwaz la, malgre kondisyon politik, sosyal, ekonomik li, fete Sen Patwòn li, ki se Sentanyès nan komin Bomon.

Nan sans sa, plizyè milye, santènn fidèl legliz katolik, melanje avèk pèleren ki te sòti atravè depatman Grandans lan ak lòt depatman, yo tout te debake nan komin Bomon pou patisipe nan aktivite kiltirèl ak relijyez yo malgre difikilte yo konen sou tout fòm.

Se te okazyon pou chèf legliz katolik lan nan Grandans, Evèk Joseph Gontrand Descoste ankouraje aktè ak sektè ki konsène nan problèm peyi Dayiti an, mete tèt yo ansanm pou libere pèp Bon Dye nan maras ekonomik ak sosyal lap patoje depi plizyè ane; yon pèp pa janm konnen ti kal espwa. Evèk lan lanse mesaj lapè sila, parapò ak konsta ke li fè, sitou aprè pasaj syklòn Melissa a, ki te mete maorite pèp la ajenou nan yon moman ki te reyèlman difisil.

Share:

Leave a reply