Pastè Jean Claude Thervil mande demisyon Ariel Henry Ak Léon Charles; li solisite pwezans Larusi pou sekirite peyi a

2,005

09/29/2021

Pòdpè_______(TRiboLAND) Alatèt Misyon Betani an nan vil Pòdpè, Pastè Jean Claude Thervil denonse atitid initil ak kalewès otorite anplas yo ki pa manifeste oken volonte ak konpetans pou bay sitwàyen ayisyen yo yon ti minimum kondisyon sekirite.

Pastè Thervil ki toujou genyen Nòdwès sou kè li, mande pou Pwemye minis Ariel Henry ak tout alatèt Polis Nasyonal la, Léon Charles pou yo voye tèt yo an eta disponiblite pou enkonpetans. Pou pastè a, sekirite peyi a pwan nan petren ak kidnapping, aktivite gang ak pwoliferasyon gwo zàm fann fwà; “bagay la deteryore nèt sou mesye sa yo”, dapwè sèvitè Bondye a.

Li akize swa dizan peyi ki di yo se zanmi peyi Dayiti a ki mete nou nan sa ke nou ye la. Thervil deklare li lè li tan pou peyi Larusi antre anndan peyi Dayiti yon fason pou li vinn kontrekare tout mouvman gang ak gwo zàm fann fwà kap touye ou fòse moun kouri antre lakay yo depi 6è diswà.

Nap raple, depi kèktan anpil sitwàyen ayisyen pa ezite afiche byen fò yon santiman anti-enperaryalis ke yo estime ki se yon sistèm rasis kwonik e ki mete pye sou kou Ayiti jiskaske li arive efondre l. Konsa, apèl pou mande yon pwezans Larusi pa sispann anime nan yon pakèt refleksyon ak deba politik kap degaje atravè tout peyi a.

Yo felisite e ankouraje diplomat ameriken Daniel Foote ki arive sakrifye karyè diplomatik li pou krache verite lè li chwazi montre tikal konsyans nan denonse piblikman fason gouvènman ameriken an ap maltrete Ayiti depi dig dantan.

Comments are closed.