Agribel nan tèt kole ak PNUD inogire yon pwojè konstriksyon sitèn dlo nan lokalite Ofouno

429

12\16\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Agribel ki se “Koperativ pou devlopman agrikòl ak ekonomi lokal” nan tèt kole ak PNUD rive inogire jounen madi 15 desanm 2020 an, plizyè sitèn dlo nan lokalite Ofouno, 6èm seksyon Polen-Lakòn, komin Pòdpè.

Konsa, anviwon 60 manm fanmiy rive benefisye yon rezèvwa ki genyen yon kapasite 400 galon dlo, kap pèmèt yo non sèlman fè fas kare ak sechrès men tou sispann kouri “lago ti single” nan chèche ti konn gout dlo pasi pala.

Pou responsab Agribel yo, objektif la se rive travay ak kominote a, sitou nan kontribisyon edikasyon yo sou kesyon pandemi kowona viris la.Yo kontinye pou di, Ofouno kòm etan yon zòn pechè, benefisye pwojè sa a, se akòz kowona viris la.

Yon lòt bò, abitan kap viv nan zòn nan mete sou yonn nan manm benefisyè yo, pa mete dlo nan bouch yo pou eksplike kalamite ak peripesi yo te konn pase pou rive boske ti gout dlo pou bwè.

Abitan nan zòn nan deklare yo pat espere ak zafè dlo a ditou, yo soulinye mizè yo nan pike tèt anba, fouye tou nan twarivyè, yon mannyè pou rive boske ti tak dlo. Souvan fwa, dapwè temwanyaj manm fanmi sa yo, lè lamè a monte, dlo a sale se tèt chaje.

Pou fini, divès manm fanmi nan Ofouno, bat bwavo lakontantman pou Agribel ak PNUD pou yon parèy inisyativ.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.