Twa moun mouri elektwokite nan mache Tabar

404

Tabar____(TRiboLAND) Twa moun mouri elektwokite nan mache Tabar jodi madi 20 me 2020 an byen bonè vè 6:30 nan maten, se rezilta yon kab wot tansyon ki eklate dapwè yon konfwè medyatik nan Pòtopwens.

Divès machann pat manke salanbe e akize responsab yo pou neglijans yo ki kontribye nan dram sa ke yo te toujou ap pwevni otorite yo sou danje fil sa te pwezante.

Pami twa moun ki mouri yo, youn nan yo mouri nan wout nan moman yo tap kouri lopital avè l. Ke nanm viktim sa yo ki mouri anba neglijans leta nan chèche lavi repose an pè!

Comments are closed.