Karitas de Suisse nan tèt kole ak direksyon travo piblik branch Nòdwès, ap travay pou amelyore sityasyon wout Ansafolè/Obòy la.

868

07-08-2023

Ansafolè, Ayiti____(TRiboLAND) Karitas de Suisse nan tèt kole ak direksyon travo piblik branch Nòdwès, tanmen depi kèk jou, travay pou debouche wout Ansafolè pou rive Obòy la, nan objektif pou amelyore kondisyon abitan yo, k’ap sòti Nòdwès pou rante nan Nò peyi a.

Nan yon entèvansyon ki rann piblik sou rezo sosyal yo, direksyon depatmantal travo piblik la, ki genyen nan tèt li, Joseph Angelot Horacius ki tap pale, pat anmezi pou te bay twòp detay sou kantite kòb ki depanse pou travay sila, tout fwa li fè konnen, si yo te jwenn yon gwo kamyon gaz 4.500 galon, yo tap kraze majorite pwen kritik yo ki pa menm depase 6.

Li enpòtan pou konnen, travay amelyorasyon twonson wout Ansafolè/Obòy la, kòmanse nan zòn Pwent-dè-zikak, e li jwenn sous finansman li bò kote Karitas de Suisse.

Comments are closed.