Reponsab yo nan BSAP Tigwav pote demanti fòmèl sou ensidan malere ki te rive yon ajan BSAP la sou chan travay li.

08 – 05 – 2026
Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Responsab BSAP yo nan Tigwav, pami yo komandan Wilner ak enspektè Edny Vergin nan yon interview yo akòde ak laprès maten mèkredi 05 dawout 2026 lan, pote demanti fòmèl sou ensidan pase ki te rive ajan BSAP, Férus Saintelus sou chan travay li.
Ensidan sa a rive, selon responsab BSAP yo, se moman ajan te poste ap fè sikilasyon nan yon dalo otorite minisipal yo dekonsè ak TPTC ap konstwi sou wout Nasyonal # 2 a, nan yon lokalite ki rele kipidon nan 11èm seksyon Ravin Sèch, Tigwav.
Responsab BSAP yo voye jete tout rime ki ta vle fè kwè ke ajan Férus Saintelus te fè toutsa ajan Boid yo te mande li fè nan moman an; se nan konbinezon moun nan popilasyon Kipidon ak ajan Boid yo, ki fè ajan BSAP la te arive mouri.
Alatèt yo, raple piblik la ke yo genyen yon estati legal menmjan ajan ak Boid yo; yo pa konprann pou kisa yo pavle wè yo. Nan sans sa a, 2 responsab BSAP yo, kòmandan Wilner ak enspektè Edny Vergin fè konnen ya’p travay pou fè tout sa ki nan legalite pou fòse leta ayisyen atravè lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) bay fè fanmi ajan BSAP la, Férus Saintelus jistis ak reparasyon.






