Otorite yo nan depatman Nòdwès la lanse ofisyèlman pwojè amenajman twonson wout Pòdpè/Jan-Rabèl la.

1,414

05-23-2023

Jan-Rabèl, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè antite te reponn prezan jounen lendi 22 me 2023 a, nan lide pou te lanse ofisyèlman, pwojè amenajman twonson wout Pòdpè/Jan-Rabèl la, ki pral egzekite anba lobedyans direksyon depatmantal travo piblik branch Nòdwès.

Direktè depatmantal travo piblik branch Nòdwès la, Joseph Angelot Horacius, ki tap esplike, soulinye yon valè 25 milyon goud disponip pou travay la, sepandan, li soulinye kondisyon difisil wout yo, sa ki lakòz yap bezwen divès materyèl ak ekipman swa anviwon 250 kawoutchou, san konte aksè difisil pou kalite materyo yap bezwen yo.

Direksyon depatmantal agrikilti kise mèt travay la, pral responsab sipèvizyon travay yo, travo piblik pral responsab egzekisyon an, epi fim agwo-almand pral jere kòb la.

2.5 milyon goud pral disponib pou peye anviwon 228 mendèv nan plis pase 10 pwen kritik, ki pral travay nan kad ribrik wot entansite mendèv, ki deja lanse nan zòn Kòlèt, yon lokalite kole-kole ak rantre vil Jan-Rabèl.

Enpasyan pou tann twonson wout Pòdpè/Jan-Rabèl la reprann eskanp figil, divès sitwayen nan Jan-Rabèl fè konnen yap veye anwo, veye anba, pou gwo zotobre yo pa fè chimen kwochi ak lajan an, konsa yo prè pou yo preskri “Bwa Kale” kont tout vòlè materyo e latriye.

Comments are closed.