Lapolis nan vil Gonayiv fè yon gwo kout filè jounen vandredi 7 jiyè 2023 a.

1,020

Yon gwo koure mare kou krab, yon pistolè mak 38 sezi ak divès lòt lo materyèl, se bilan travay chèf lòd yo nan Site Endepandans peyi Dayiti.

07-08-2023

Gonayiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Ajan PNH yo nan vil Gonayiv fouke yon gwo koure, ki pote non, Octama Prophète, nan wout Tènèv la, zòn Paviyon 18, jounen vandredi 7 jiyè 2023 a.

Nan moman gwo kout filè sa a, ajan PNH yo rive rekipere yon fizi kalib 38, yon kouto ak divès lòt lo materyèl.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ajan PNH yo tap chèche kou chen fou, Octama Prophète, pou tèt nivo enplikasyon li nan zak asosyasyon malfektè, detansyon zam ilegal, poun site sa yo sèlman.

Octama Prophète, ki pa konn ki sen pou li rele, pou koulya ap reflechi, nan gadavi komisarya Gonayiv la.

Comments are closed.