Lansman pwojè konstriksyon wout 1e Seksyon kominal Lakoma ak 7e Seksyon kominal Mawotyè

520

03/24/2021

Pòdpè_______(TRiboLAND) HEIFER International lanse ofisyèlman pwojè konstriksyon twonson wout 1e seksyon Jan Rabèl, lokalite Lakoma, zòn Raymond pase Trois Selles ak 7e seksyon kominal Pòdpè, lokalite Mawotyè, depatman Nòdwès jounen madi 23 màs 2021 an prezans divès pèsonalite pami yo direktè depatmantal TPTC Nòdwès la, Enjenyè Horacius Angelot, Louis Mary Laguerre, yon notàb nan kominote a, pou n site sa yo sèlman.

Pwojè sa a ki gen ladan l konstriksyon wout agrikòl, konsèvasyon sòl ak fòmasyon pou peyizan yo pràl fasilite yo fè fas kare ak move lavi a, jwenn finisman bò kote Pwogràm Alimantè Mondyal (PAM) ak kowoperasyon Suisse International pou yon montan $2 milyon US kap dire yon lane, daprè kowòdonatè rejyonal pwojè a, Agonòm Ewaldy Estil ansanm ak responsab pwojè a, Agonòm Coqmar Louisly ki fè konnen pwojè pral bay plis pase 3, 000 fanmiy agrikiltè ki twouve yo nan seksyon kominal Lakoma ak Mawotyè sipò pou ankouraje aktivite agrikòl ak kreyasyon byen dirab.


Benefisyè yo ki pat kache satisfaksyon yo e ki te prezan nan kad lansman sila a, deklare pwojè sa a pràl pèmèt non sèlman mete kòb nan pòch yo men tou li pràl mete yon bout nan kalvè wout yo te toujou ap andire atravè 2 seksyon kominal sa yo, sitou lè y ap pran chimen pou transpòte yon moun malad ak machandiz.

Direktè depatmantal TPTC Nòdwès la, Enjenyè Horacius Angelot ki te reponn prezan nan lansman an, pwomèt pou l bay tout kolaborasyon l pou fini ak pwoblèm peyizan 1e seksyon kominal Jan Rabèl ak 7e seksyon kominal Pòdpè konn andire nan zafè wout.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.