Plizyè patizan ak senpatizan ansyen prezidan Jovenel Moïse, òganize yon mach pasifik sòti nan lekòl nasyonal Obè a, pou al bout nan simetyè a.

1,074

07-08-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè patizan ak senpatizan ansyen prezidan peyi Dayiti a, defen Jovenel Moïse, òganize jounen vandredi 07 jiyè 2023 a, yon mach pasifik ki ta pral debite douvan lekòl nasyonal Obè a, pou al bout devan yon mozole ke yo konstwi nan memwa defen an, nan simetyè Obè a.

Destima Daremond, ki te pran lapowòl nan okazyon 2è ane komemorasyon ansyen chèf Leta a, fè konnen, tout sa kap fèt nan kad dosye asasinay ansyen prezidan defen an, se nad marinad.

Kontrèman ak jan sa te ye nan dat avan yo, nou pat remake prezans anpil moun, ak kèk zanmi Jovenel Moïse tankou : Guyto Macena, Angelet Guillaume, poun site sa yo sèlman, nan kad komemorasyon 2è lane ansyen chèf Leta ayisyen an, Jovenel Moïse.

Comments are closed.