PM Joseph Jouthe prefere wout dyalòg ak Fantòm yo

252

09\17\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND) Premye Minis Joseph Jouthe vle pito favorize dyalòg nan kad van protestasyon vyolans group “Fantòm 509” ki pa sispan sekwe diferan kwen nan kapital peyi a akoz yon seri revandisyon ki gouvènman an chwazi mete nan tiwa.

“Avèk kesyon protestasyon zam nan men, furè polisye yo, ak dega yo vyolans yo ki bay men nan machwè, mwen oblije favorize kominikasyon,” selon PM Jouthe ki tap entèvni nan moman li tap vizite plizyè chantye, pami yo konstriksyon vilaj modèn pou polisye yo nan Delma 75.

Chèf gouvènman an pa vle antre nan yon lojik zam pou zam fas a yon parèy sitiyasyon. Li vlie privilijye dyalòg, yon bagay daprè li menm kid we fèt kan menm avèk polisye yo kap fè yon seri revandikasyon ki jis e ki kapab rezoud pap padap oubyen ap pran ti tan.

Nap raple’w, mouvman Fantòm nan pa sispan sekwe ou paralyze aktivite tout kalite nan kapital la.

Comments are closed.