De Ayisyen jwenn arestasyon yo nan fè fwod

0 463

Samdi 9 Novanm 2019

Naso__(TRiboLAND) 2 Ayisyen key o akize nan fo paspò pat jwenn libète pwovizwa yè Vendredi 8 Novanm lan apwè ke yo te finn pwezante nan tribinal. John Doe ki pote non Ricardo Phillips, 36 lane kap viv nan zònn Golden Isles Road te jwenn arestasyon li loske li te pwezante nan Sèvis imigrasyon Bahamas yon fo batistè ak yon lèt rekòmandasyon ki pwetann ke li te fè klas pwimè li nan lekòl Uriah McPhee nan Bahamas.

Mesye Phillips ke yo akize tou kòm moun ki tap tante jwenn natiralizasyon Bahamas te koupab tou de posesyon yon fo paspò ayisyen. Konsa, li te konfime inosans li devan Jij Carolyn Vogt-Evans. L’ap genyen pou li reparèt nan tribinal ankò 5 Fevwiye 2020 pwochen.

Yon lòt bò, Joel Ceus 31, se non yon lòt akize ki te abite nan rejyon Prince Charles Drive, deklare ke li pa koupab nan fè “fo ak izaj fo” paspò ayisyen. Ceus gen apwentman pou li retounen nan tribinal 10 Fevwiye 2020 kap vini la.

Leave A Reply