Plizyè milyon goud fè wout krochi nan kad travay pou te amelyore twonson wout Pòdpè/Jan-Rabèl la, alòske travay yo pa fè yon pa kita, yon pa nago.

1,069

22 milyon goud dewoute, plizyè anplwayè travay yo paka touche, se reyaksyon madam Juliette Jean Philippe, yon manm reprezantan sosyete sivil la, nan kad pwojè sila.

07-05-2023

Jan-Rabèl, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou yonn nan manm sosyete sivil Jan-Rabèl la, Juliette Jean Philippe, akòde ak laprès, nan jounen 3 jiyè 2023 a, li fè konnen, aprè mwens ke yon mwa pwogram pou te reyabilite twonson wout tèbati Pòdpè-Jan-Rabèl la, tout bagay kanpe alòske plizyè milyon goud fè chimen krochi menm travayè yo paka touche.

Nan sans sa a, madam nan lonje dwèt jouda li byen long, sou direktè depatmantal travo piblik branch Nòdwès la, Joseph Angelot Horacius, li di ki gagote plis pase 34 mil dola vèt, nan repare materyèl san konte lòt kòb ki gagote san okenn esplikasyon ak jistifikasyon.

Yon lòt bò, Juliette Jean Philippe, fè konnen, genyen plizyè anplwayè ki fin travay kap kouri meli, melo, san espwa, san yo pa konnen si yap touche yon goud lesko, alòske ti lòzèy aran ki rete a, se yon milyon twa san mil goud.

Nan sans sa a, reprezantan sosyete sivil Jan-Rabèl la, Madam Juliette Jean Philippe, di li endinye, lèl wè, nan ki sityasyon difisil pasajè yo kontinye ap vwayaje sou wout la, sitou lè lapli tonbe, alòske majorite fon an deja fè vwèl nan pòch atoufè grenn senk.



Comments are closed.