Chili: Pwesidan an mande pou tout minis bay demisyon yo apwè yon semènn pwotestasyon san rete

0 303

Santyago___(TRiboLAND)  Pwezidan Chili a mande tout minis gouvènmantal yo pou yo tout bay demisyon yo apwè yon semènn mobilizasyon popilè san kanpe.

Nan yon mesaj televise ke li fè jodi Samdi 26 Oktòb la, Pwezidan Chili-a, Sebastian Pinera egzije tout minis ki konpoze gouvènman peyi-a pou bay demisyone yo yon fason pou rebat kat la pou yon lòt Kabinè ki kapab oryante peyi-a nan yon lòt direksyon. Anplis, nan anons alanasyon an, Pwezidan an konsidere leve eta dijans lan ke li te anonse 18 Oktòb pase-a.

Masiv pwotestasyon nan peyi Chili, 25 oktob 2019

Antouka, nan yon kominike ke yo fè sòti, responsab militè yo konsidere leve kouvwefe lanwit lan ki te blayi sou kapital-la Santyago pou plis pase sèt nwit ki koz 19 moun mouri san konte plizyè santènn ki blese. Konsa, sous militè yo fè eta de yon kapital ki retounen nan kalm.

Pwezidan Pinera ki te fè sòti yon twit nan Vandredi swa deklare: ” Nou tande kri nou,” ki sòti de yon seri masiv demonstrasyon ki te deklentche atravè tout peyi-a pou plis pase yon semen e ki te kontinye jiska Vandredi swa, yon demonstrasyon ke Lidè Chilyen an estime ki te bèl e pèzib, kote ke Chilyen yo mande pou yon Chili ki gen pi gran jistis ak solidarite, yon ouvèti sou pi gwo wout pou lavni ak espwa.”

Leave A Reply