Gaspiyaj premyè tranch kòb BID te dekese pou wout Pòdpè-Ansafolè a, vire lòlòj pwojè a, an tè bati.

1,348

07-15-2023

Ansafolè, Ayiti____(TRiboLAND) Ankèt korespondan TRiboLAND mennen nan depatman Nòdwès la, bò kote kèk sitwayen ak kèk ti pèsonèl kap travay nan direksyon depatmantal travo piblik branch Nòdwès, ta fè kwè genyen plizyè rezon ki lakòz bayè Fon BID yo, te fè kolè epi deside retire tout kòb kite disponib pou fè wout Ansafolè – Pòdpè a.

Premyè rezon an, se paske nan premyè tranch kòb la kite dekese a, direksyon travo piblik ta fè wout kwochi avè li, pandan yo itilize kòb sa a, nan peye otèl pou zanmi ak fanmiy ki sòti Okay, alòske menm ti pèsonèl la pa jwenn yon goud Lesko.

Dezyèm rezon, direksyon depatmantal travo piblik t al tante demare pwojè a, pou jistifye premyè tranch kòb la kite deja fin gagote, san menm minis travo piblik transpò ak kominikasyon an pat okouran.

Twazyèm rezon, fas ak ogmantasyon kou lavi a, nouvo direktè pwojè a ta pral mande BID mete sou kòb la, yon demand ki pat parèt favorab pou mesye yo, e menm mete nouvo direktè a nan ti soulye li.

Fas ak gaspiyaj, gagotay premyè tranch kòb la, mete sou tout difikilte ki te envante pou demaraj pwojè a, BID oblije san kondisyon deside retire tout kòb la, e aprè anpil dyalòg retire yon pwèlyèm ladann.

Favorab pou rakètè pwofesyonèl yo, direktè depatmantal travo piblik la, Joseph Angelot Horacius, pral pwofite kòb sa a, pou li konstwi twonson wout Ansafolè-Pòdpè a an tè bati.

Aprè rezilta ankèt travay korespondan TRiboLAND yo, n ap mande ak popilasyon 3 komin yo, tankou Ansafolè, Senlwidinò e Pòdpè, leve kanpe kont rakètè pwofesyonèl yo ki pa tikal respè pou moun Nòdwès. Kou sa pap pase!

Wout asfalt se devlopman, wout tè bati se sou-devlopman ak travay raketè! Kapwa Lamò pat travay pou sa! Jwèt pou ou, DCPJ!      

 

                                        

Comments are closed.