Prizon sivil Jeremi a, pa sispann pwodwi kadav an libète pwovizwa

886

07-05-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Lavi prizonye nan prizon sivil Jeremi a, tèt koupe ak lavi poul; se pou nenpòt ti krik prizonye yo mouri akoz move tretman tout kalite. Yon sous ke TRiboLAND ta fè konfyans ekspwime konstènasyon li nan fason prizonye yo ap tonbe nan enstitisyon kaseral la.

Sòti fen mwa jen pou rive jounen madi 5 jiyè 2023 a, deja genyen 4 pwizonye ki arive mouri anndan pwizon an. Enfo yo ta vle fè kwè ke malnitrisyon se youn pami yon latriye koz kap pote ale pwizonye ki nan yon eta deplorab.

Anpil moun dekri siyasyon sila kòm ennimen; espas pwizon entenab, pa genyen dlo, gratèl ak anemi falsifòm ap taye banda, dyare, vomisman ak maladi sida, se yon kantite vektè destriktif kap pwosipite lanmò pwizonye ki alagoni.

Nap fè remake, anpil nan malere ak malerèz detni sila yo ki arive mouri nan pwizon, se pou ti enfwaksyon minim, ki pa plis ke vòlè yon poul ou yon rejim bannan. Alòske sangwen eskanmòtè kòl nan kou kap fini ap peyia ap pyafe deyò a nan kòripsyon lib e libè.




Comments are closed.