Direksyon depatmantal Travo Piblik branch Nòdwès mete fen ak aktivite netwayaj “Chan avyasyon” an nan vil Pòdpè.

0 2,977

01/08/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Direksyon depatmantal Travo Piblik branch Nòdwès ki genyen nan tèt li Msye Joseph Angelot Horacius rive mete fen ak travay netwayaj “Chan avyasyon” an nan site Kapwà Lamò a.

Sepandan, divès sitwayen ki abite nan antouray “Chan avyasyon” an kritike pasivite otorite yo nan mèri Pòdpè a ki yo menm pa janm deside mete yon bonjan sèvis vwari ki djanm ak siveyans yon fason pou arive mete lapat sou tout endividi malpwòp, sangwen ou mal entansyone kap jete fatra nan vil la, patikilyèman sou “Chan avyasyon” an.

Li enpòtan pou konnen nan mwa fevriye ane dènye, “Chan avyasyon” an te konnen yon kokenn chenn netwayaj nan lide pou te òganize “Kanaval Nasyonal” la; sepandan mank jesyon otorite minisipal yo lakòz nan yon ti bout tan chan an vin tounen yon depotwa fatra.

Antouka, fwa saa popilasyon an ap rete tann otorite yo nan meri Pòdpè a; ki yo menm deja anonse yon seri mezi pou mete anba kòd ou amande endividi mal entansyone ki chanpyon nan malpwòp e kap jete fatra pasi pa la nan site Kapwà Lamò a.

Genson HYPPOLITE

Leave A Reply