Ajan BLTS yo nan rejyon Sid peyi Dayiti, poze lapat sou yon endividi ki tap tante transpòte divès kilogram kokayin.

949

Loxserge Mamanne, yon jèn gason 44 rekòt, mare kou krab, nan lokalite Lilè aprè yo te fin jwenn li ak plizyè kilogram kokayin, nan dat 4 jiyè 2023 a.

07-05-2023

Kavayon, Ayiti_____(TRiboLAND) Inite brigad lit kont trafik dròg nan komin Kavayon, patikilyèman nan lokalite Lilè, poze lapat sou Loxserge Mamanne, aprè li tap tante chape poul li ak 2 ti pakè poud blanch, ki sanble tèt koupe ak kokayin.

Pou retire tout dout lakay ajan BLTS yo, yon jij depè sipleyan nan tribinal komin Kavayon an, ta pral pwosede ak konsta legal yo, ki aprè revele 2 pakè poud sa yo ki se kokayin e ki peze anviwon 2.377 kg.

Nan moman n ap pale a, Loxserge Mamanne, deja twouve li nan gadavi pou suit legal yo.

Comments are closed.