Gwo mouvman manifestasyon anonse nan Savannlong pou mande jistis pou Kazèk Jean Relus

821

01-27-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Divès òganizasyon kominotè debaz tankou ASS, UJAPS e ATS nan 3èm seksyon Savannlong, kòmin Wanament lanse yon manifestasyon pou dimanch 29 janvye 2023 pou mande jistis pou Kazèk Jean Relus alyas “Zanyi”.

Kazèk Saint-Ange Jean Relus ki te mouri anba bal samdi maten 21 janvye nan biwo l, soulve gro endinyasyon nan mitan lokalite a. konsa, popilasyon an deside manifestan pou mande lajistis ak lapolis louvri bon jan ankèt sou tout ajan sekirite kite antoure kazèk Zanyi yo pandan jou dram lan e mete aksyon piblik an mouvman kont otè zak kriminèl la.

Daprè Prezidan Asosiyasyon Sitwayen Savannlong lan (ASS) Ilionel SELMOUR, tout moun ki pral patisipe nan mach pasifik lan dwe abiye ak mayo blan epi balèn nan men yo. Rasanbleman ap fèt devan lekòl Nasyonal la pou desann nan Dantor NIGHT CLUB e pou al delivre yon mesaj nan biwo kazèk la.

Deja gen enfòmasyon ki ta fè kwè se yonn nan ajan sekirite kazèk la ki tire l andan biwo a. Antèman viktim nan ap chante jounen samdi 4 fevriye 2023, nan Pawas Notre Dame Altagrace nan Savannlong vè 9 vè nan maten.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.