Mol-Sennikola: Fondasyon TRiboLAND klotire 2 jounen fòmasyon li yo e remèt chak patisipan yo yon sètifika.

856

Plis pase 80 jèn gason ak jèn fanm nan awondisman Mol-Sennikola, retire sètifika patisipasyon yo, jounen dimanch 2 jiyè 2023 a, se zèv byenfezans responsab Fondasyon an, nan domèn fòmasyon sou pwodwi endistriyèl.

07-02-2023

Mol-Sennikola, Ayiti_____(TRiboLAND) Se avèk anpil kè kontan, Fondasyon TRiboLAND klotire 2 jounen fòmasyon gratis sou fabrikasyon pwodwi chimik, ki tap òganize nan komin Mol-Sennikola, sòti yè samdi 1 jiyè a, pou rive jounen dimanch 2 jiyè 2023 a.

Gras ak lidèchip eklere Direktè Rasny Beaubrun, plis pase 200 patisipan ta pral sòti nan divès kwen nan komin nan, pou te vin pran pa nan gwo kokenn chenn fòmasyon sila, ki ta pral demare nan lokal lekòl Nasyonal la Dekouvèt la, kote yo ta pral aprann fè plizyè pwodwi tankou : savon likid, pafen lwil ak dlo, vinèg, mistolin, poun site sa yo sèlman.

Klotire ak yon seremoni gran panpan, plis pase 80 jèn fanm ak jèn gason, nan 200 patisipan sa yo deja retire sètifika patisipasyon, yon fason pou al sèvi popilasyon awondisman molwaz la, ki t’ap monte yon maswife nan zafè aksesibilite ak itilizasyon pwodui chimik.

Comments are closed.