Ayiti-Edikasyon : Fondasyon TRiboLAND pral reyalize yon inyèm fòmasyon gratis sou fabrikasyon pwodwi chimik nan vil Pòdpè

236
0
Share:
TRiboLAND

03-20-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Toujou nan kad batay kont delenkans jivenil, ak pèmèt jèn yo gen yon zouti kle kap fasilite yo rantre kichòy pou yo viv. Fondasyon TRiboLAND pral reyalize yon lòt seminè gratis sou fabrikasyon pwodwi chimik pou jèn ki soti nan divès kwen nan vil Pòdpè, patikilyèman nan Lòt Bò Pon.

Soti premye pou rive 2 avril 2023, randevou a pa lòt kote ke “Collège Jean Price-Mars” ki trouve-l nan ri 3 Gras, vil Pòdpè, pou jèn yo vin aprann fè: swavitèl, Pinsòl, tabasco, sanitizer, mistolin, pafen lwil ak pafen dlo. Soti 8è AM pou rive 4è PM.


Fondasyon TRiboLAND ap kontinye fè tout sak posib pou kontinye bay jèn yo fòmasyon san yo pap peye yon pyas, yon fason pou kontinye batay kont delenkans jivenil ak pèmèt yo gen yon zouti kap pèmèt yo fè lajan pou reponn ak bezwen yo.

Nap raple, yon moun ki itilize “non” TRiboLAND pou vann pwodwi oubyen pou chaje moun pou fòmasyon, alète lapolis ou kontakte responsab TRiboLAND yo. Fondasyon TRiboLAND pa chaje oken frè pou enskripsyon, pou patisipasyon ak pou sètifika pou nenpòt ki fòmasyon.



Share:

Leave a reply