Senlwidinò: Yon rankont òganize ak plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la, pou lite kont ensekirite alimantè a.

740

07-02-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon rankont òganize ak reprezantan plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la nan komin Senlwidinò, nan objektif pou konbat sekirite alimantè a ki reprezante pi gwo pwoblèm pou peyi a. Reyinyon sa te reyalize nan lokalite Fatima, jodi dimanch 2 jiyè 2023 a, ak òganizasyon sa yo tankou: ODS, APDS, Tk, OTAS, ANATRAF, pou n site sa yo sèlman .

Dirijan òganizasyon yo ki pat kache kolè yo, kritike responsab yo nan ministè Agrikilti ki pa janm akonpanye peyizan kap travay tè yo epi kreye bon jan kondisyon pou yo fè latè pwodwi pou satisfè pitit pèp la. Yo rete kwè, se ak fòs travay yo yo kapab itil tèt yo ak fanmiy yo, men se metòd akayik yo ki pa janm chanje.

Yon lòt kote yo fè konnen, seksyon yo chaje ak jèn fanm ak jèn gason ki kapab travay tè, se kondisyon yap travay la ki pa apwopriye nan venteyim syèk la. Pou kontinye ak pwosesif la, yon komite fòme ak 7 manm nan plizyè òganizasyon pou asire swivi yo bò kote moun ki konsène yo.

Si jaden petizan yo donnen se tande yap tande grangou nan peyi a!

Comments are closed.