Fondasyon TRiboLAND lanse pou yon lòt fwa ankò, 2 jounen fòmasyon gratis ti cheri sou fabrikasyon pwodwi chimik sou Zile Latòti a

831

03 – 08 – 2024

Zile Latòti, Ayiti__(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND pa sispann miltipliye fòmasyon gratis ti cheri nan tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti. Fwa sa a, se ankò Mawouj, Zile Latòti ki twouvel nan depatman Nòdwès peyi a, ki pral resevwa sèvis gratis medya anliy la, atravè yon fòmasyon sou fabrikasyon pwodui chimik.

Latriye fòmasyon sa yo kontinye ap miltipliye nan lide pou batay kont fenomèn delenkans jivenil la k ap fè raj nan peyi a, san konte batay pou diminye fenomèn ensekirite a ke gang ame yo ap enstrimantalize depi yon bon bout tan anndan peyi a.

Plizyè vil ak seksyon kominal nan tout peyi a deja jwenn benediksyon Fondasyon an ki chita sou konpetans, apezman sosyal ak ekonomik. Jèn yo sou Zile a pral aprann fè anviwon 14 pwodui chimik tankou: vinèg, swavitèl, savon likid, pafen lwil ak dlo, savon lave, alkòl, pomad, kremas, faboulozo, chanpou, poun site sa yo sèlman, san peye yon goud lesko.

Seminè sa a pral gen pou òganize nan seksyon kominal Mawouj, lokalite Fon kiyèz, nan lekòl Mèt Doné a. Anviwon 61 patisipan pral sòti nan divès zòn sou Zile a tankou : Zèb Razwa, Dam Mari, Maye, Fonkiyèz, Mawouj, Timote, Nan Dada, Benkèt, Meyans, Montri, poun site sa yo sèlman.

Seminè sa a, pral gen pou dewoule nan dat samdi 9 pou rive dimanch 10 mas 2024 la, sou lobedyans kòdonatè pastè Fontane Alexis nan tèt kole ak yon estaf dinamik san konte 2 ansenyan sipè kalifye pou asire fòmasyon an.

Comments are closed.