Jounal anliyn TRiboLAND.com medya network, lanse atravè “TRiboLAND an Aksyon” premye chantye travay li nan karelaj nan vil pòdpè.

2,900


TRiboLAND.com, lanse atravè “TRiboLAND an Aksyon” yon premye fòmasyon sou karelaj nan vil Pòdpè, lokalite Démelus; plizyè jou aprantisaj kote ke patisipan yo pap peye senkòb,nan dat kap 15,16,17 septanm kap vini la.

09/13/22

Pòdepè, Ayiti__(TRiboLAND) TRiboLAND An Aksyon, ki se yon antite ki soti nan zantray TRiboLAND.com, se yon estrikti sosyal kap evolye nan site Kapwa Lamò a. Li lanse premyè pwomosyon yo sou karelaj gratis kap pote non” PWOMOSYON EDDY JANVIER”, nan dat jedi 15 septanm pou rive samdi 17 septanm 2022, nan lokalite Demelus.

Aktivite sa a jwenn sipò ekonomik li, bò kote TRiboLAND.com medya network nan tèt kole ak Me. Eddy Janvier nan objektif pou ede plis jèn nan katye defavorize yo ak nan seksyon kominal yo nan depatman Nòdwès la genyen yon metye manyèl ak divès lòt fòmasyon pwofesyonèl.

Li enpòtan pou konnen, TRiboLAND medya network te deja òganize divès chantye daktivite nan divès zòn tankou: Nan Palan, Mòn Kayo, san konte divès lòt sipò pou rann posib divès lòt aktivite.

Pandan ke ekip TRiboLAND An Aksyon an ap tann dat la rive pou y al resevwa aprenan yo, divès lo materyèl deja achte pou akeyi plis pase 60 jèn gason ki deja enskri pou al swiv seminè sa a, nan legliz Metodis Lib nan Démelus la kap pote non”PWOMOSYON EDDY JANVIER”.



Comments are closed.