Scout Henry Christophe selebre 22èm anivèsè yo nan legliz katolik Vilaso jounen dimanch 26 avril la

87
0
Share:
TRiboLAND

04/27/2026

Senlwidinò, Vilaso, Ayiti ______(TRiboLAND) Scout Henry Christophe selebre anivèsè yo jounen dimanch 26 avril 2026 la, nan legliz katolik Vilaso,1è seksyonnan komin Senlwidinò. Se te yon evenman grandyoz e seremonyèl ki te dewoule nan prezans plizyè otorite nan rejyon Senlwidinò a.

Reveran pè Roberson Pierre, nan womeli sikonstans lan, te mete anfaz sou obligasyon jèn yo nan sa ki genyen pou wè avèk kenbe limyè tèt ansanm nan ki kapab ede yo chanje vizaj sosyete a. Yon lòt bò, li ensiste sou responsabilite jèn yo nan devlopman peyi a, ki pa yon senp afè.

Antouka, Fondatè Inocent Telfort ak Wilter Noël, ki se 2 gro pilyé nan mouvman Scout la nan rejyon an, fè konnen yo ap kontinye fè bwas pou fòme plis jèn nan pawas la pou vin ranplase yo nan kominote a.

Share:

Leave a reply