Yon nouvèl estrikti militè pral pran nesans nan peyi Dayiti pou kontrekare gang yo.

1,153

Gàd Nasyonal, se non yon nouvèl fòs kap gonfle bibit li pou pran fòmasyon, pou vin pote sipò yo bay PNH la.
03-23-2023
Pòtopwens, Ayiti___(TRiboLAND) Nan lide pou sove peyi a kont gang kriminèl kap mete dlo nan zye popilasyon ayisyèn nan chak jou ki jou. Plizyè sòlda kifè pati Fòs Lame Dayiti, deja ap gonfle bibit yo nan lòt peyi nan amerik la, yon fason pou vin fè fas kare ak kriminèl san manman yo.

Objektif fòmasyon an se rive fòme kò Gad Nasyonal la, ki pral konstitye yon nouvèl ekip kap gen pou kanpe boukante kout bal epi derasinen bandi sangwen nan peyi Dayiti, patikilyèman nan Pòtoprens.

Tandans sa a, manifeste bò kote gouvènman twazyèm vèsyon moun tèt san cheve yo, aprè ke peyi Kanada te fin woule yo nan farin nan rete veye èd militè etranje.

Comments are closed.