Dram regretab nan komin Jeremi: yon kout loraj touye yon elèv lekòl.

777

06-30-2023

Jeremi, Ayiti- ( TRiboLAND) Dram regretab nan komin Jeremi, zòn 4èm seksyon Latibolyè, yon kout loraj elektwokite Lucardo Desroches, yon elèlv lekòl ki genyen 11 lane. Viktim nan ki ta sanble trè entelijan akademikman, tap fè 3èm ane fondamantal nan lekòl Nasyonal Nòtredam Deloud nan Latibolyè.

Lucardo Desroches


Nap fè remake se pa premye fwa ensidan enpwevizib sa yo rive nan milye riral yo. Konsa, responsab pwotesyon sivil yo nan Jeremi, pa sispann mande moun nan vil kou zòn rekile yo pou pa rete anba gro pye bwa sitou lè lapli ak loraj ap manifeste, jis pou yo pa viktim sou okenn fòm.

Comments are closed.